Message du Président National de ZANTRAY - 29 Octobre 2007, Hotel Plaza
Pèp Ayisyen,
Lè a rive pou men m Vodouyizan òganize n
Lè a rive pou men m Vodouyizan angaje n
pou men m Vodouyizan striktiren n
Pèp Ayisyen, lè a rive pou men m Vodouyizan mete lòd nan dezòd ki genyen nan Vodou Ayisyen an… !
Lè a rive - Pou nou rantre nan yon lòt Ayiti ak tout sa ke Vodou Ayisyen an genyen ki bon, ki vre, ki sanyan sanyan, depi nan Ginen pase pa 512 lane nou genyen sou tè dayiti… !
Zansèt nou yo, te kase chèn n ki te genyen nan pye yo !
Jodiya Vodouyizan òganize vini pou kase chèn n ki genyen nan tèt pèp Ayisyen, nan lespri pèp Ayisyen.
Revolisyon kiltirel la koumanse …!
ZANTRAY jodiay vini pou prezante a nasyon an
Avan projè lwa sou religion ke nou rele Vodou Ayisyen an.
Dokiman sila ke ZANTRAY ap propose nasyon an, se pou mete regleman sou relijon Vodou Ayisyen an.
Se yon travay ke ZANTRAY ap prepare depi plis pase 21 lane sou teren an.
Zantray se yon òganizasyon ki pa nan politik,Ki rekonet pa kòm yon itilite pilibk – yon òganizasyon kap travay nan sektè vodou a pou rasanble, òganize, asiste, kontribye a lavi miyò tout vodouyizan.
Pou monte dokiman sila nou te òganize yon atelye travay pandan 2 jou kote nou te rasanble Sèvitè, Hougan, Mambo, Hounsi, senpatizan pou nou travay sou regleman vodou ayisyen.
Deba yo louvri. ZANTRAY di AYIBO pou tout pitit Ginen…
Reginald BaillyPrezidan Nasyonal ZANTRAY
Pou moun ki enterese, nap jwen www.vodouhaiti.org pou bay opinyon pa yo.
discours president Société zantrayPopularity: 78% [?]
November 2nd, 2007 at 2:31 pm
Pour commenter sur le discours du président national de Zantray veuillez cliquer ici :
http://vodouhaiti.org/?p=17#respond
Les débats sont ouverts…!